Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki montre l gwo nèg sèlman lè l nan katye lakay li osinon lè l nan bann li.
Lavi a se chanje mizè pou pwoblèm.
Dan ri lè gen danje. Dan ri lè gen malè. "Ayisyen an ri menm lè li ta dwe kriye."
Sa ki soti nan dyab la, se dyab la li tounen.
w ap mande moso pou boukannen ~ Lè yon bagay pa ase pou ta fè sa w gen bezwen epi yon lòt moun vin mande ladanl.
Sa se yon moun ki di l ka fè lè l pa gen mwayen se pa sa l ap fè lè l gen posiblite.
Chak rivyè pote pwòp ti wòch/gravyè pa li.
Moun ki pa vle peye yo toujou ap achte sou kredi.