Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun vle fè konsèy li pase si li fèt anvan lòt la li di pawòl sa osinon si li gen plis esperyans.
var: Chik pa respekte mèt bitasyon.<br />exe: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la.
Moun ki vle rete an sante diminye apeti yo.
Ou pa ka jije yon moun sou sa l di. Si ou jije fòs yon jèn bourik sou jan l ap ranni, ou pral twò chaje l.
Ou pa ka distenge bon moun yo ak mechan yo.
Moun ki di “Men sèpan an,” se li menm ki touye l.
Mwen p ap pann sak zepòl mwen an twò wo, kote men m pa ka rive.
Mwen pa gen yon chodyè pou m pipi ladan l.