Se sourit la ki montre/mennen chemen an nan twou li.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa kite yon travay ki sanble akablan fè w pè twòp. Yon pa alafwa.
Moun ki pèdi aparans.
Tan yo chanje.
Yon moun ap esplike w yon bagay epi mèt afè a vle esplike w li pi byen toujou.
Lè ou pa gen manman, ou pran swen grann. Siviv, debouye w.
Yon moun k ap viv menm kote avèw si li di yon bagay sou w ou oblije kwè.
Bouch granmoun nan gen move sant, men pawòl li yo pa gen okenn sant.
De moun konsène nan yon bagay lè yo rankontre yo mete fen ak diskisyon.
Bagay yo p ap bon chak jou - ap toujou gen move jou.