Poul la kaka atè pou l sal kòk la.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou ban mwen, epi m'ap ba ou.
Sa ki pa bon pou gwo sak la, li pa bon pou ti sak la.
Bèl flè san bon sant. Bote fizik san okenn lòt bon kalite.
Chak ravin trennen desann ak pwòp debri li yo.
Se chat kay la ki trayi chat peyi a.
Granmoun pa jwe.
Se paske li twò awogan kifè koulèv la oblije trennen kò l sou vant li.
Ou wè ti pay ki nan je lòt moun, men ou pa wè gwo bout bwa ki nan pa ou la.
Lè yon moun grangou epi l bezwen manje li vle fè egzijans pou sal bezwen an li sa w itilize pawòl sa.
Timoun yo fòme yon lyen ki pi solid pase maryaj.
Ou pa kapab chanje ni voye jete moun pa w pou yon lòt moun.