Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon chen ki kite yo mare l merite pou yo bat li.
Pou egzote yon moun k ap sevi mal ak timoun. osinon pou pa ta pini yon timoun pou nenpot ti bagay li fe.
Jou gwo dife a , w ap wè konbyen fatra ki nan yon kay.
Lè yo fè w wont pou yon bagay ou te prete sa fè w achte pa w tousuit.
Li pran yon moun ki gen bon tanperaman pou dirije yon kay.
Chat la byen konnen bab ki moun l ap niche.
Pi mal la poko rive.
Genyen pa anpeche ou manke. Posesyon jodi a pa garanti sekirite demen.
Machann nan mache a gen de mezi. “Youn pou achte l; youn pou vann li.”
Pòv yo pi ensolan pase rich yo.