Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon sèl kabrit gate tout twoupo a/bann nan.
Move zèb ou pa vle nan jaden ou an, se li k ap pouse lakay ou.
Yon moun ki gen itilite l menm si kèk fwa li parèt degoutan pandan l ap viv ak ou.
Moun ou konnen lajounen, lannwit, ou pa bezwen limen yon chandèl pou rekonèt li.
Menm kay yon zanmi p'ap janm kay pa ou.
Ti kou, ti kou fè/bay boul/blesi anndan.