Prete se pa bay.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou dwe konnen ki kote pou kache anvan ou kouri. Planifye aksyon ou yo ak anpil atansyon.
Pa gen padon san yon moun pa konfese peche l yo.
Toutotan yo pa koupe tèt li, ou pa ka di li p ap mete chapo.
Avan chak desizyon w ap pran fòk ou gade kisa k ap vini dèyèl.
Chak moun gen moun pa yo chak moun gen yon defo diferan.
Li pi bon pou ou gen yon ti kras pase pou ou pa gen anyen. Li pi bon pou ou gen yon bagay pase pou ou pa gen anyen ditou.
Depi ou pa t nan djòb la osinon ou pa t la mwen viv san pwoblèm.
Lè pa gen poul, yon moun degaje l ak moru. Yon moun degaje l ak sa l genyen.
Mezire anvan ou koupe. "Reflechi anvan ou aji."
W'ap mande simityè a si l bezwen moun mouri! "Ou pa bezwen mande m; ou konnen mwen vle l."
Ou pa ka mezire gason ak yon règ.
Yon timoun ki frekan gen dwa pa viv anpil tan sou la tè.