Si bagay twòp pouw li t ap bon si w ta mete l atè pou evite twòp tèt chaje.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se mouch tafan an ki pran avantaj sou arenyen an. Yon ensèk touye yon lòt.
Poutèt pa gen chen, kabrit al lachas avèk ou.
var: Larivyè avèti pa touye kokobe.
Yon ti kous, se kenbe tete yo. Yon gwo kous long, lage tete yo. "Nan danje iminan ou bliye tout bagay."
Pou chak moun selon mwayen li.
Yon moun apresye oswa resevwa moun li abitye trè byen.
Lanmou padone tout bagay, ògèy pa padone anyen.
Pito w gen yon bagay ou pa renmen olyew pa gen anyen ditou.
Seksyalite yon fanm se yon resous ekonomik enpòtan pou li. Ira Lowenthal nan Foster- Valdman