Ou ap evite traka epi ou pran nan touman.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè ou oblije tann soupe ta lakay yon zanmi, ou al dòmi ta.
Pou egzòte yon moun ki rive yon kote pou premye fwa epi ki soti pou vyole prensip ki nan zònn nan.
Hall 1953 ekri bèf ki gen ke pa janbe diferans .
Gode mwen an ka piti, men se ladan l mwen bwè. Apresye sa ou genyen, menm si se yon ti bagay.
Lè yon moun ap fè frekan li ka fè w kèk bagay ki mal osinon li pansew pap janm anyen se lè sa w di pawòl sa.
Fanm se yon zanj; fanm se yon demon. Ou pa ka viv avèk yo , ou pa ka viv san yo .
Yon doktè pa ka trete tèt li. Èd mityèl se yon nesesite. - Aristide. Resipwosite se yon nesesite. - Aristide. Nou bezwen youn lòt.
Vyole Konstitisyon an jodi a pa anpeche ou di demen: Mwen sèmante pou m defann li.