Mwen montrem avèw ou poutan mwen pa avèw mwen avèw paske mwen bezwen ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Se sèlman lè krich la plen kouvèti a jwenn dlo.
Yon moun ki renmen fè tripotay se sa selman l ap fè lajounen kou lannuit.
Moun ki fè tèt li tounen yon ti mouton, lou gen pou devore li.
Pwal sou pwatrin lan pa gen fwote.
Bote se sèlman pwofon sou po a.
Papye yo ka jistifye nenpòt sa ou vle.
Dyab la pa janm bay/fè anyen pou granmesi.