Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.
Lè yon moun fè w yon bagay li pa toujou fasil pou bliye.
Si bèf la te konnen fòs li, li pa t ap kite fanm lan mennen l.
Prese se yon bon bagay; ale dousman/fasil se yon bon bagay. Gen plis pase yon sèl bon fason. Ou fè l jan w vle , m ap fè l jan m vle.
Yon chodyè prete pa janm kwit yon bon manje.
Menm si ou fò, ou ap jwenn moun ki pou ou a.
Lé yon moun fè twòp se posib li ka gate jwèt la li fè bagay ki lèd ki pa bon.
Fòk ou kite tan pase. Ou bezwen pasyans.
Dwèt ou santi move, men ou pa ka koupe l epi voye l jete.
"Tan pi presye pase lajan."
Pa ale nan ekstrèm.