Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou pa janm konnen ki kote dlo pase pou l antre/kijan dlo rive nan kann nan. Gen anpil bagay ou panse ki enposib men ki pa enposib.
Se la petèt li ka jwenn ki chòy pou li viv kote gen manje se la kèk moun vle ale.
Lè yon pawòl sòti fòk li gen yon sous li soti kanmenm.
Gwo maladi mande gwo medikaman.
Yo kite nonm onèt la antre tout kote.
Lè yon moun gen bon konprann li pi bon pase moun k ap pran devan nan sa yo ta dwe reyalize.
Jou gwo dife a , w ap wè konbyen fatra ki nan yon kay.
Sa ki pou yon chouèt, se pou yon lòt chouèt li ye.