Si w antre byen ou ta dwe resevwaw byen.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nan fènwa ou menm pè/moun menm pè bri yon rat.
Pale franse ou a pa fè m pè. Pale byen bèl pa vle di gen bon konprann.
Yon moun yo bay yon avetisman pou l pa fè yon bagay sil gen malè ki ka rivel.
Ou dwe aprann konprann.
Pa tann dènye minit.
Pi gwo chèf la se nonm ki egzije respè pou tèt li. "–ki kontwole tèt li."
Pòv vizite rich, rich pa vizite pòv. Moun ki nan bezwen, al jwenn moun ki genyen. Ti nonm lan al lakay gran nonm lan. "Pa gen sèlman de fanmi sou latè: moun ki genyen ak moun ki pa genyen." Sancho Panza .