Esperans de moun k ap viv lwen gen pou rankontre menm si wout la long.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Piske ou nan labatwa a , ou dwe aksepte san k ap vole sou ou. "Si ou la, ou dwe aksepte konsekans yo."
Ou dwe imilye tèt ou pou ou ka manje manje yon moun ki gen kè sote. Se pou ou gen tak epi enb nan sitiyasyon difisil.
Sa mande pou w pran prekosyon lè w ap kajole yon moun.
Ede tèt ou ; Bondye ap ede ou.
Lè ou pa gen anpil lajan, ou manje sa ou jwenn.
Ou pa gade sou aparans moun nan ni sou jan l pale ak koulè po l, men ou plis enterese ak bon bagay l ap fè yo.
Esplikasyon yon moun k ap fè yon sèvis pou l pran pekosyon nan jan l ap fètravay la.
Chen an gen kat pat/janm; se yon sèl wout/chemen li fè. Ou pa ka fè yon sèl bagay alafwa. Pa mete bè ou sou twòp pen. Espesyalizasyon se sekrè siksè a.
Yon moun ki gen nesesite yon bagay ou dwe pran anpil prekosyon ak pasyans pou l ka jwenn li osinon pou l pa pedil.