Se lè van an ap soufle ou ka wè dèyè poul la. Se sèlman nan sikonstans byen espesyal verite yon moun parèt.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Wè se kwè.
Vrèmanvre, kreyasyon ki chwazi yo pa janm kite posesyon mèt yo.
Lajounen se frè lannwit.
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
mak = sikatris. Pa fè yon bagay ki mal de fwa sou menm moun nan.
Sa ki bon pou yon kalite chouèt pa bon pou yon lòt kalite.
Lè yon moun nan betize ak yon moun ki gen plis valè pasel se posib li ka vin pèdi valè.