Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Apre yon ti tan, bagay yo chanje. Bagay yo chanje avèk tan. Jowel Tan yo chanje.
Imite chen an pa twò mal, men se tranbleman janm lan ki difisil/a.
Pou montre gen nèg ki santil pa alèz ak yon bagay poutan pwoblèm nan pa nan bagay la.
Ou rekòlte sa ou simen.
Se pa toujou moun ki fè travay la ki jwenn kredi a.
Bwa pi wo di l wè lwen, Grenn pwomennen di l wè pi lwen pase l.<br />exe: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: A! Gen yon kokennchyenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale". Janwobè di l: "Ou fin pale?". "Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?", Frewo reponn li. Janwobè di: "Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò "Cine Imperial" li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la". <br>par: Tande ak wè se de."
Bèl mèb pa vle di yon maryaj ki gen kè kontan.
Se piti, mwen piti/ Mwen jis piti/piti; mwen pa pitimi /“ milèt” san gadyen/fanmi pou pwoteje m. “Mwen piti, men mwen pa milèt pou sa.” Menm si mwen se yon ti nèg, atansyon!
Pi bon yanm griye pase grangou.