Ann ale dirèk
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki gen bagay ki pa ase epi ki reziyel ak sal genyen an.
Pandan w ap manje apeti a ap vin. "Kòmanse l epi tout bagay ap anfòm."
Mwen pa janm bay chen pantalon, pou tèt pa m.
Ou dwe mache lannwit pou ou ka konnen si gen zonbi. Eksperyans se pi bon pwofesè a.
Pi bon ta pase pa janm.
Kondane malfini an; kondane manman poul la tou.
men se devan pòt li bat ~ Gen kèk pwoje ki fèt ankachèt men lè l fin fèt nèt tout moun konnenl.
Gwo lide men ti kapasite. Gen gwo lide san mwayen pou aplike yo.
Fòs fanm. Fanm yo dwe reveye ak potansyalite yo.
Moun ki pwomèt bliye, moun ki tann sonje.
Se moun ki pi fèb yo ki soufri.
Janm long pa vle di yon moun konn mache.
Chaj ou pa ka pote a, ou depoze l dousman.