Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Dommaj pou kòk takte a si ti poul la gen tach! Dommaj pou mari a si pitit la pa pou li!
Chak travay gen moun espesyal ki pou fè l ou gen dwa fè l li pa bon osinon li pa bon pou w.
Twòp nan nenpòt bagay pa bon.
Pa bon al jwenn pa bon moun de byen al lakay moun de byen parèy li.
Nèg ki abitye viv nan gwo lavi pa gaspiye tan l nan ti bagay.
Lè yon moun piti ou panse l pa ka travay gran epi moun nan ta vle pou kwè sa.
Chak chaplèt gen kwa pa li. Nou tout gen pwoblèm pa nou.
Yon fwa nou fin goute libète a...
Konesans pi gran pase richès.