Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen kèk kotew rive fòk ou respekte prinsip yo ke w vle l ke w pa vle l.
Mwen p ap rele yon chen 'papa' pou yon zo.
Yon moun engra toujou bliye sa yon moun fè pou li.
Yon bon najè pa nesesèman vle di yon pwason. Lè yon moun gen ladrès nan yon bagay, sa pa fè l yon ekspè nan tout domèn ki gen rapò.
men ou ka anpechel fè nich ~ Gen kèk bagay ou pa kapab anpeche moun fèw men gen lòt ki pi dwòl epi ou gen mwayen pou anpechel fèt.
Yon moun ki manke pran nan yon gwo bagay se posib li ka tonbe nan menm bagay la ankò.
Yon lènmi pa janm tèlman piti pou yo meprize l. Li ka toujou fè w mal.
Lè yon moun pran pretèks li gen bezwen pou yon moun pou kouvri pou li ki fè l fè yon bagay.
Yon fanm pa ta dwe fè kont ak yon lòt zanmi fi pou yon gason - gason se yon jwèt aza.
Yon moun ki kwè lè w mete anpil ti bagay ansanm sa fè w ka gen yon bagay ke w pa t menm espere.
Vèdik jiri a pa nesesèman vèdik sosyete a.
Moun ki responsab defen an kanpe bò tèt defen an – li pran responsablite a.
Bouchon lyèj la pa janm twonpe boutèy la.
Sa ki nan men ou se sa ki pou ou. "Zwazo nan men vo de nan raje."
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.