Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun sa yo se David ak Jonatan. “Moun sa yo se zanmi enseparab .”
Kite l fri nan pwòp ji li.
Lè yon bagay pa pou w ou pa dwe fè plizyè travay ak li.
Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.
Gen kèk kotew rive fòk ou respekte prinsip yo ke w vle l ke w pa vle l.
Chak manman gen patipri anvè pwòp pitit li yo.
Distans bay cham.
Flè yo pa t renmen pandan lavi yo pèdi pafen yo nan tonm nan.
Ou pa dwe mouche nen w pi wo pase nen w. Pa depase limit ou yo oswa aji pi wo pase pozisyon ou.