Lè yon moun y ap di koze sou dow se pa yon bagay dezone li pa few pi ba non plis depi sa yo di a pa verite.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se gou bouyon an ki rale/pèse lang lan deyò.
Yon pwovèb gen plis pase yon sèl siyifikasyon.
Ou dwe pale tout koze san fè tripotay epi tout sa w ap di fòk ou pran prekosyon.
Yon moun ki gen gwo responsabilite pou l depanse plis li fè plis efò pou l ka viv ak plis Byen akoz gwo chay sa yo ki dol.
Ou sonje lènmi ou yo pi souvan pase zanmi ou yo.
Chak jwèt gen règ li yo.
Se egzakteman sa tèt bèf la ta di kouto a.
Kote yo gen zo, pa gen dan.
Fòk ou pa parese pou ou ka travèse wout difisil sa se posib pou jwenn rezilta fwi travay ou.
Gen de bagay ki pa reprezantab nan la sosyete lè w bezwen pou seviw se enposib pou sèvi ak li.