Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Lè m tande, m bliye; lè m li, m sonje; lè m fè, m konprann

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2602 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Tande pa wè

Tande pa menm bagay ak wè.

Bon tandè fè yon sèl vwayaj; mal tandè fè senkant vwayaj

Moun ki bon tande a fè yon sèl vwayaj, moun ki move tande a fè plizyè vwayaj.

Marengwen pa janm vle tande li mèg

Moustik la pa janm vle/renmen tande ke li mèg. "Verite fè mal."

Mache piti piti; ou a tande lapriyè jouda

Si ou antre sou pwent pye ou, ou ap tande anpil eskandal.

Ou tande bèf ale wè kòn

Yon moun ki di yon bagay epi moun ki devan l lan nan twouve l pedan.

Tout sa w tande se bri sapat

Yon moun k ap plede pale san l pa kapab fè anyen osinon ki pa gen konfyans twòp sou sa moun nan ap di a.

Mal tande fè kont

Malantandi lakòz diskisyon.

Tande bèf ale wè kòn

Yon moun k ap fè dyòle poutan sa yo di yo se pawòl piu fè moun dodo osinon pou moun kwè nan li.