Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Bwa pi wo di l wè lwen, Grenn pwomennen di l wè pi lwen pase l.<br />exe: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: A! Gen yon kokennchyenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale". Janwobè di l: "Ou fin pale?". "Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?", Frewo reponn li. Janwobè di: "Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò "Cine Imperial" li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la". <br>par: Tande ak wè se de."
Pa gen anyen ki seche pi vit pase dlo nan je.
Se lè ou pase maladi, ou konnen medikaman an. Lè ou fin malad, ou konnen remèd la.
Sa ou wè a se kousen chaj tèt la; chay la dèyè. "Sa ou wè a se pa anyen; chay la poko vini."
Toujou gen de bò nan chak kesyon.
Lavi a se yon mistè. BN 123/7
Sèl remèsiman plantasyon an jwenn se yon kou ak yon poto.
Lè yon moun rete twòp ap gade sa fè tanta montel li ka achte kredi.
Ou kite kote kadav la ye a, ou ale kriye/fè lapenn bò sèkèy la.
Lè yon koze tout moun konnen e ki ta pale yon kote sekrè moun ki konnen pawòl la li konn di pawòl sa.
Pa gen travay pa gen manje.
Triche pa gen pwoblèm depi yo pa kenbe w.