Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Marye bon, marye pa bon

Benjamin Franklin te di: “Kit ou marye, kit ou rete selibatè, ap gen moman ou pral regrèt sa.”

Dra pa jete ou, ranyon jete ou

Rad fè gason. Pafwa yon moun chape anba gwo danje, sèlman pou l rete pran nan yon bagay ki pa enpòtan. Moun deyò pa pran ou nan pyèj, men youn nan pwòp moun pa ou yo .

Se pa jan chat mache li kenbe rat

var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) chyen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chyen k mòde antrèt!