Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
De mesye tranpe anba lapli; gen youn ki nan pi move sitiyasyon. Malè frape chak moun yon fason diferan.
Yon moun ki fè byen toujou santi l byen.
Chans fini, magouy kòmanse.
Nenpòt bagay nouvo toujou sanble bon. Boukan me 1975, p. 11.
Se lè ou malad pou ou konnen si ou gen zanmi.
Sa ou jete jodi a, demen w'ap chache l'.
Nan fènwa ou menm pè/moun menm pè bri yon rat.
Pou montre se li ki ba w valè ak bagay ki nan men ou lan.
Malè yon moun se chans yon lòt.