Yon mouchwa gen plis itilizasyon.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pran prekosyon lè w ap viv ak moun ki renmen pini e kritike.
Plis pozisyon an gwo, se plis salè a gwo.
Sa se pou moun ki kwè nan mirak kèk fwa kotew konnen bagay la ye se pa lal ye vreman se yon lòt kote yo meprize.
Moun sòt la mare chwal li. Moun entelijan an pa ka lage l. Moun sòt yo poze kesyon moun saj yo pa ka reponn.
Nesesite se manman envansyon.
Lè yon moun gen pasyans la va rive fè bagay ki menm enposib.
Yon moun pa janm ka gen twòp konesans.
Goute fè ou anvi, goute ka fè ou degoute tou. Eksperyans yo ka gen efè pozitif ak negatif.
Toutotan yon moun ap viv li poko mouri li gen espwa yon jou sa va mache yon jou byen pou li.
Fatra fè fatra.
Si ou pa lakay ou, ou pa granmoun.
Sa se yon moun ki di l ka fè lè l pa gen mwayen se pa sa l ap fè lè l gen posiblite.
Moun ki foure nen yo nan zafè lòt moun toujou la.
Byenvini moun ki pa vini men vid.