Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Dòmi pa okouran de mizè.
Lè yon moun anvi depanse se pa volè men sa ka fè l gen anpil dèt.
Si m te... m ta fè...
Moun sa a pa gen santiman ankò. Li san santiman.
Lè yon moun gen yon malè rivel li pa konn kileès ki la koz epi moun ki te fel la vle di se li menm ki te koze sa.
Si ou te tande ti moun ap pale, ou ta panse yo se jeyan.
Se gou bouyon an ki rale/pèse lang lan deyò.
Kèlkeswa defo papa ak manman se defo pitit la osinon sa papa ak manman konn fè se sa pitit la fè tou.
Pawòl pa gen pwa.
Si yon fanm neglijan, li pa dwe pwòp/salte. Pwovèb?