Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou wè ti pay ki nan je lòt moun, men ou pa wè gwo bout bwa ki nan pa ou la.
Gwo vant pa vle di gra pou sa. Yon gwo vant pa vle di gwosès.
Moun ki simen lajwa ap rekòlte plezi.
Yon moun k ap plede pale san l pa kapab fè anyen osinon ki pa gen konfyans twòp sou sa moun nan ap di a.
Chak moun se pou pwòp tèt pa yo.
Malantandi mennen nan yon diskisyon.
Mwen santi sa w fè a men se palem pap pale.
Si krapo a te bon vyann, li pa t ap mouri bò lanmè a.
Kay ki gen dlo ka twonpe solèy la, men li pa ka twonpe lapli a. Pa achte yon kay nan yon jou solèy. Ou ka twonpe kèk moun pafwa, men ou pa ka twonpe tout moun tout tan. Aparans ka twonpe.