Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki gen anpil kòb lè l mouri yo pa bal lajan pou l ale.
Yon bon ti dòmi fè ou bliye tout enkyetid.
Yon moun yo bay yon avetisman pou l pa fè yon bagay sil gen malè ki ka rivel.
Lè gen yon moun ki pwòch ki ta fè yon bzgay ki mal li pa ta bon pou jete moun sa.
Premye pa pou fè byen se pa fè mal.
Arenyen an gen sis pat/pat; si li pèdi youn, sa pa anpeche l mache. “W ap ede m; ou pa vle kounye a; m ap debrouye m kanmenm.”
Plis bourik la ka pote, se plis yo chaje l.
Lè ou gen chans nan mond sa a, sa pa vle di ou pral nan paradi nan lòt mond lan.
Moun ki gen nen, se li menm ki santi move odè a/ki gen lapenn moralman.
Lanmè a pa kenbe bagay sal/fatra.
Li pi bon pou ou pa wè tout bagay konsa ou p ap nan pwoblèm.
Sitwon vèt la ka/konnen kijan pou l tonbe, li kite sitwon mi an. Pa sezi sa ki ka rive. Jèn yo ka mouri anvan granmoun yo.