Se pa avèk yon sèl dwèt ou manje kalalou. Lè gen anpil moun met ansanm li posib pou nou reyisi pi vit.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon bèl maryaj pa nesesèman vle di richès.
Yon moun ki renmen pran sa k pou li li pa janm vle wè moun genyen.
Pou esplike gen moun ki pi siperyè pase lòt ki pi kapab ki pi entèlijan.
Pa gen anyen ki tankou yon manman.
Ou wè ti pay ki nan je lòt moun, men ou pa wè gwo bout bwa ki nan pa ou la.
Pi bèl demen an pa bay jou anvan an tounen. Pi bèl maten an pa pral pote lavèy tounen .
Chen an di: “Gade pa janm/pa twòp/ fè twòp.” Pa gen okenn mal nan gade.
Fatra fè fatra.
Li fè bak pou l ka fè yon pi gwo kont atak.
Si kalmason an te bon vyann, se pa nan mitan wout la yo t ap jwenn li. "Bon vyann pa janm vann bon mache."