Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout machandiz ki dwe peye dwa ladwann.
Jan ou rekòlte, se konsa ou va simen.
[politik!]
Mwen voye dlo, men mwen pa mouye pèsonn. Fè yon bagay pou gremesi, vire wou yo.
Ou dwe mache lannwit pou ou ka konnen si gen zonbi. Eksperyans se pi bon pwofesè a.
Pa kite yon travay ki sanble akablan fè w pè twòp. Yon pa alafwa.
Se lè ou pase maladi, ou konnen medikaman an. Lè ou fin malad, ou konnen remèd la.
Pa touche bagay ki pa pou ou.
Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .