Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pawòl la esplike tèt li lè yon moun ap fè gran chire sa pa vle di li vin rive.
Si ou gen yon baton, se pou chen pa mòde/pou anpeche chen mòde ou. "Ou defann tèt ou ak sa ou genyen."
Ou pa konnen ki sakrifis yon manman fè pou pitit li yo.
Kote yon bourik mare, se la l ap manje.
De moun konsène nan yon bagay lè yo rankontre yo mete fen ak diskisyon.
Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.