Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè pa gen bourik, ou mete brid sou yon sòsyè.
Avan ou fè yon bagay fòk ou konnen si l ap bon pou w.
Lè w pran prekosyon lè w ap fè yon bagay sa pa vle di w fayi.
Yon moun dwe pridan menm si w gen moun oubyen espri k ap veye w.
Lè w pran prekosyon avan chak desizyon li pi bon pase ou ta di si w te konnen.
Esplikasyon yon moun k ap fè yon sèvis pou l pran pekosyon nan jan l ap fètravay la.
exe: Tout vakabon ranse ak Nènè. Kanta pou Sovè, se nèg ki kondi bak li byen; pesonn pa p pran chans jwe nan bab li. <br>par: Kochon mawon konn sou ki bwa pou l fwote (kò l).
Yon moun ka toujou jèn nan kè li.
Krab wòch la rete nan twou li - li trè pridan.
var: Larivyè avèti pa touye kokobe.
Yon moun k ap egzèse pridans li nan mitan moun li pa konnen.
ent: enpridans var: lè, lò [ r ]