Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Anvan yon chen manje zo a, li eseye/mezire machwè li. Anvan ou kòmanse yon bagay, asire w ou ka fini l. Anvan ou pase yon moun nan betiz, asire w li pa twòp pou ou.
Ou pa ka mezire gason ak yon règ.
Mezire anvan ou koupe. "Reflechi anvan ou aji."
Se apre lanmò yon moun nou ka vrèman mezire enpòtans li.
Avan ou fè yon bagay fòk ou konnen si l ap bon pou w.