Matlòt, lòt fanm mari w la pa bon pou genyen, men li itil anpil.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki gen itilite l menm si kèk fwa li parèt degoutan pandan l ap viv ak ou.
Chen an vòlè, men li itil.
Li montre w ke pou pa bay lajan plis enpòtans ke moun.
Pou montre lajan gen anpil enpòtans men li pa gen gwo enpòtans pase moun.
Yon ti bagay ka anpeche ou reyalize yon gwo pwojè ki ka itil ou pou toutan.
Lapriyè sèlman itil nan yon sèten mezi.
Bondye ri lè gen diskisyon ki pa itil.
men siwo sot nan mòn lal lavil ~ Pa ta dwe gen diskriminasyon ant de gwoup sitou le youn itil lòt.
Manyòk ki gen kanni an bon pou sezon lapli a. "Menm pi piti manyòk ki gen kanni/ki tounen an itil lakay ou."