Creole101 Logo

✍ Powèm

Si l te avèti m

Cathie La Poetesse

👁 6320 gade Theme #21
Si lanmou te di m lò l prale
M t ap antere tout mès,
Plante tout erè m te konn fè
Pou l ka rete nan vi m

Si l te dim lò l prale
M t ap pran yon beny solèy
Ak yon fèy kowosòl tou vèt
Pou m dezenfekte
Tout sikratris ki nan kè m

M t ap chante nwit kou jou
Si l ta yon tanp:
M t ap priye lakay li,
Adore lakay li chak jou
Pou l pran pitye de mwen

Men lanmou pa avèti m
Li danse sou mwen
Epi se wè m wè
N a wè li nan wè m
Ak yon vwa kriyèl
M pap ka kontinye

By: Cathie La Poetesse

Kòmantè Facebook