Creole101 Logo

😂 Blag Kreyòl Ayisyen

😂 Blag — Creole101 Ri ak bon jan blag an kreyòl: sou lavi, lanmou, travay, legliz, lekòl, fanmi ak plis toujou.

Blag Lakay
😂 1

Diskisyon sourit

P Prof_P 1970-01-01 84767 gade

Pataje blag sa a:
Gen de sourit ki nan diskisyon. Youn ladan yo abitye viv pami moun, lòt la abitye viv nan bwa.
Li di lòt la: "Se ou yo rele 'sourit', men mwen menm mwen pa sourit. Ahh, gwo diskisyon pete ant yo de a.<br />
Sa k abitye viv nan vil la di lòt: "M pral pwouve w sa m di w la. Nou pral pase devan moun yo pou w wè sa y ap di. Pase avan."
Sourit ki abitye viv nan bwa a kouri pase devan moun yo. Moun yo di: "Woy gad'on sourit."<br />
Dezyèm sourit kouri pase; Moun yo di: "Men yon lòt ankò".
<br />
Dezyèm sourit la di lòt la: "Ou wè sa m t ap di w la?"

Mo kle:

Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.

Kòmantè Facebook