Anpil akasan
L louis 1970-01-01 29216 gade
Misye byen kontan, paske l te grangou. Lè m di w sa, misye tonbe bwè akasan...

Lè vant misye kòmanse byen plen, li pran souf...Mmmh...

Li di: "Ti cheri... kòman fè jodi a yo bay ANPIL akasan konsa?"

Tifi a reponn li: "Jodi a, nou bay anpil akasan paske... paske te gen yon rat ki tonbe nan akasan an maten an lè n t ap fè l la..."

Misye, byen an kòlè: "Kisa?!!!"

Misye leve kwi a wotè tèt li, li prafe l atè, li kraze l.

Tifi a di: "Oh, oh! Se pa mesye a kraze kwi grann mwen konn pipi a!"
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoZanmi an renmen kouri
Zanmi 1: Poukisa ou ap kouri konsa? Zanmi 2: Paske mwen bezwen yon bagay. Zanmi 1: Ki bagay? Zanmi 2: Mwen bezwen repo!
Yon vòlè malen
Gen yon mesye ki leve yon jou li antre nan yon magazen l al vòlè... Aaah! Yo kenbe misye, polis gentan vini. Yo mete l nan prizon. Kounye a, misye nan tribinal, devan jij, y ap jije l. Yo vin ak temwen kont misye, vid…
Evidamman
Se Toto ki pran valiz li ki deside fòk li ale lekòl jodi a. Pandan li nan klas la pwofesè a di mwen bezwen yon elèv ki pou fè yon fraz ak EVIDAMMAN.Gen yon elèv ki leve men l, pwofese a di l oke n ap tande w. Elèv la di…
De moun fou
se de moun fou ki ap viv nan menm zon, yon bon maten yo tonbe nan fe diskisyon ke yo se mango, premye a di monche se mwen ki mango, lot la di negatif boss se mwen ki mango. pou yo ka we kyes ki mango, depi a 8h 00am yo…