Creole101 Logo

😂 Blag Kreyòl Ayisyen

😂 Blag — Creole101 Ri ak bon jan blag an kreyòl: sou lavi, lanmou, travay, legliz, lekòl, fanmi ak plis toujou.

Blag Lakay
😂 4

Twa medam pral nan yon fèt

L louis 3873-03-03 81265 gade

Pataje blag sa a:
Se te twa medam ki gen pou yo ale nan yon fèt. Yo deside pou yo achte kèlke bijou. Yonn achte yon bèl bag, yon lòt achte yon bèl zanno, e twazyèm nan, li pa nan bijou, men li achte yon bèl soulye talon kikit men wotè! <br />
Jou fèt la, yo bezwen montre moun yo sa yo te achte:<br />
Sa ki gen bag la sekwe men li, li di: "Gade ravèt! gade ravèt!"<br />
Sa ki gen zanno an sekwe tèt li, li di: "Kote li! Kote li!"<br />
Sa gen soulye talon kikit la menm leve pye l, li di: "Si m te wè l mwen t ap touye l!"

Mo kle:

Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.

Kòmantè Facebook