A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Search:
Tinès Salvant - Wa Fem Syin
Lè w manyen m

Lè w manyen m,
Mwen fèmen tankou parapli
Je m lanvè, tout kò m ap sezi,
Tankou m prale nan yon lòt vi

Oh, Lè w manyen m
Mwen pa fouti konnen sa m ye:
Yon lanj? yon wa? yon ti Bondye?
Mwen pa ka esplike jan m ye

[Refren]
Lè w manyen m
Lalin chanje katye,
Lòlòj nou chavire,
Kri nou marye.
Lè w manyen m
Fòs nou kraze lanfè,
Malè tounen bonè,
Nou pran rele
Lè w manyen m
Lè w manyen m

Lè w manyen m
Solèy leve nan mitan kè m,
Ou akòde menm jan avè m,
Ou tounen poupye pou chalè m

Lè w manyen m
Dife pran nan tout zòn nan kò m.
Ou fèm drèt tankou pye bwadòm.
Kèl feeling! Bondye, kèl freedom!

[Refren]
Lè w manyen m
Lalin chanje katye,
Lòlòj nou chavire,
Kri nou marye.
Lè w manyen m
Fòs nou kraze lanfè,
Malè tounen bonè,
Nou pran rele
Lè w manyen m
Lè w manyen m

Manye m toutjou tanpri doudou,
M a va ba w tout sa m posede.
M a ba w mizik, m a ba w lanmou, tande?
Manyen m toutan, manyen m souple
Manyen m toujou tanpri doudou
M a va ba w tout sa m posede
M a ba w mizik, m a ba w lanmou, tande?
Manyen m toutan, manyen m souple

[Refren]
Lè w manyen m
Lalin chanje katye,
Lòlòj nou chavire,
Kri nou marye.
Lè w manyen m
Fòs nou kraze lanfè,
Malè tounen bonè,
Nou pran rele
Lè w manyen m
Lè w manyen m

Lè w manyen m (6x)

This Lyrics has been viewed 27164 times

Related Song Lyrics:
Yèreswa (Remix) by Alan Cavé
Avè w by Daan Junior
Graduation by K-Dans
Ayiti bang bang by Carimi
Je suis innocent by T-Vice

Share/Bookmark
Loading...

🔥 Creole101 Trending Music Charts Updated:

🇺🇸 Billboard Hot 100 (Top 10) Billboard
    🇭🇹 Haiti (Top 10)
      🌍 Top by Continent

                🌐 More Charts (Top 10)
                ...

                Translation and definition

                English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

                ...

                Reina's Book Series for Children

                Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
                Over 25,000 entries in the database. Updated every week!