Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Lè yon fanm damou

Artist: Zatrap
src: ht
Back

Letra

src: ht
(Refren) Li ka fè san soti nan wòch. Lè fanm damou, Li pwouve w sa menm lè w san pòch. Lè fanm damou, Li twouble l konn pran dwat pou gòch. Lè fanm damou, (Tamara Suffren) Ou ou ou ou ou. Li tankou yon grenn foumi fou. Lè fanm damou, Menm rive konfonn nuit ak jou. Lè fanm damou, Nenpòt ti pawòl kalalou l lè fanm damou. (Tamara Suffren) Ou ou ou ou ou. (Paskal) Oh m pat janm imajine m nan faz sa “je la veux” Mwen te toujou pè repete fraz sa Se youn nan enstrimen m pat janm vle jwe nan djaz la Pou m akòde vi m avè w mwen dakò fè bèl chwa silaa Mwen menm Paskal se mwen ki pral met bag sa Pouse m konprann koman m pral jere vag sa Lè yon fanm damou yon nèg li enpoze l an mèt li Sou li l jwe atoupri pou l rete sèl zenmbwèt li (Emanoox) Tankou w kout eklè k fèt pyè kè w tonbe pou mwen M suiv ou tankou Pyè, Jezi te poze men sou li M admèt mwen ne de nouvo Di yo sou lotèl la n konvèti an solo Piwo, zwazo ya vole pou make bwavo Bwa yo pran souke pou montre kontantman yo Viktwa, ou lite jis ou li nan w nouvo liv Pouvwa kite m lave tèt ou ak lwil doliv (Refren) Li ka fè san soti nan wòch. Lè fanm damou, Li pwouve w sa menm lè w san pòch. Lè fanm damou, Li twouble l konn pran dwat pou gòch. Lè fanm damou, (Tamara Suffren) Ou ou ou ou ou. Li tankou yon grenn foumi fou. Lè fanm damou, Menm rive konfonn nuit ak jou. Lè fanm damou, Nenpòt ti pawòl kalalou l lè fanm damou. (Tamara Suffren) Ou ou ou ou ou. (Triple J) Lè fanm damou l ap fè san sot nan wòch L ap montre w sa menm lè w pa gen nan pòch Lè yon fanm damou li twouble l konn pran dwat pou gòch (pou gòch) Lè yon fanm damou 2 grenn je l pete Lè yon fanm damou li pa wè enterè Lè yon fanm damou se kè ll ki gide l Devan tout danje l prè pou l sakrifye l Yeahhhh (Lemèb) Lè fanm damou li renmen pou de vrè e l vin serye Menm si dèfwa eprèv vle kraze kè l li pap lage Yon chans konsa se sa yon blodè ta swete genyen Paske l konnen nan moman sayo li pap janm plenyen Epi sa w ta vle nan men l yo li prè pou l sede Sa l genyen k pi chè a se kè l li deja livre l Kanmenm w ap di ti fanm sa kèt mwen kwè nan li vre Lè sa l vin rekonesan Lè w bezwen l l ap prezan (Lywes) Yeahhh Gad mwen Lywes kounya m pa nan vi komokyèl. Fi a jwe pyezemen li mete m ofisyèl. Vi m chanje m renonse pou m pa gen fanm o pliryèl Ak li m sove nan paradi m kache nan ofisyèl Ak li, sajès li, fè m wè li paradi yeahhh Lanmou fè li akrèk e sansib pou lili Li pran tout tan l tout san l li kouvri m anba gwo lanmou L jire sou vi l pou l pa kite anbago nan nou (Refren) Li ka fè san soti nan wòch. Lè fanm damou, Li pwouve w sa menm lè w san pòch. Lè fanm damou, Li twouble l konn pran dwat pou gòch. Lè fanm damou, (Tamara Suffren) Ou ou ou ou ou. Li tankou yon grenn foumi fou. Lè fanm damou, Menm rive konfonn nuit ak jou. Lè fanm damou, Nenpòt ti pawòl kalalou l lè fanm damou. (Tamara Suffren) Ou ou ou ou ou. (Triple J) Lè fanm damou l ap fè san sot nan wòch L ap montre w sa menm lè w pa gen nan pòch Lè yon fanm damou li twouble l konn pran dwat pou gòch (pou gòch) Lè yon fanm damou 2 grenn je l pete Lè yon fanm damou li pa wè enterè Lè yon fanm damou se kè ll ki gide l Devan tout danje l prè pou l sakrifye l Wèeeee

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved