Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Genyen wi la

Artist: BIC
src: ht
Back

Letra

src: ht
(2014) (Entwo) Wè... Si genyen (1) Genyen ki jete dlo, genyen ki priye Genyen k tèlman bay dlo ki prèske neye Genyen se zòm pòtan politik griye Genyen se granparan ke lavi pliye Genyen se restavèk ke sosyete a bliye Genyen se soufnantchou ke metropòl la triye Genyen se krizokal Tonton Sam fè briye Pou l ka sèvi avèk yo chak fwa l bezwen piye (2) Gen madan sara, gen endistriyèl Gen moun ke refize wout dwat pou pran vye riyèl Genyen ki onèt, genyen se vipè E moun ou rekonèt pafwa se li ou pi pè Genyen se bon frenn, genyen se bon grenn Genyen se tèt pete, genyen se bon brenn Genyen ki peye yon dèt men se pa li k dwe l Genyen ki di men koulèv la men se pa li k touye l (Pon) Genyen wi la a, genyen wi (madanm, hmmm) Genyen wi la a, genyen wi (si genyen) Mwen di genyen wi la a, genyen wi Mwen di genyen wi la a, genyen wi (3) Gen gade san pran, gen pran san gade Genyen san zepolèt ki pi chèf ke wo grade Genyen pwofesè ki pa fè etid Y ap anseye moral men yo se pèfid Gen pou achte, gen pou vann Gen pou konprès, gen pou bann Gen pou tout moun, tout kouch, tou plas Tout bouch, tout klas, tout louch, tout tas Genyen ki dyabolize, genyen ki demonize Genyen ki posede yon batistè men ki san idantite Gen sa ki sèmante demen ka bon, Men fò l ta simante kèk vakabon Genyen ki gen espwa, genyen ki gen lafwa Genyen k ape monte lesyèl pa do Nasyonalite yo tounen yon fado Genyen ki pa gen fas, ki pa gen do Pou kisa se sa nou ba yo kòm kado Genyen ki kwense, genyen ki prese Genyen ki strese, genyen ki blese Gen atis ki di tout voum se do Gen BIC Tizon Dife (Pon) Genyen wi la a, genyen wi (madanm, hmmm) Genyen wi la a, genyen wi (si genyen) Mwen di genyen wi la a, genyen wi Mwen di genyen wi la a, genyen wi

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved