Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

M ap rape yo

Artist: BIC
src: ht
Back

Letra

src: ht
(2014) Lawon goch ta swete ke plim mwen vomi Yo pèdi fèy menm si yo pa gen pwoblèm anatomi Pou valè bagay ki gen andedan tèt mwen M poko prè pou m kite mwayenn 4 kale 7 mwen M ap kontinye atire atansyon nou Sou sa ki pi enpòtan ke kanè bank ak pòch kanson nou Yon peyi ki bouke mache ajenou M pap aprann nou anyen Nou tout wè avèk 2 je nou Sistèm politik la bezwen remanyen Pou ansanm ansanm nou sispann pote dlo nan panyen Koute, nan lekòl yo, nou bezwen plis lòd Administrasyon leta yo, yo bezwen plis kòd Sou ki baz nou deklare ke peyi a gen 2 lang Pandan ke se ak moun ki pale Fransè nou tete lang Bagay sa yo paka pa leve plim sou do m M ap kontinye fè efò pou sistèm lan pa douko m Ale vini motè machin nan toujou an feblès Si chanm pa bay rezilta met kawotchou tiblès Jouk tan nou gen pratik 'on peyi k ap mache E fyète patriyotik sa pa vann nan mache Si chak politisyen gen yon blan dèyè banann li Se nòmal pou chak ayisyen tounen yon grenn banann mi Domaj pase n te tèlman byen kòmanse M pat imajine jounen jodi nou ta nan ranse Tèks sa a li ekri pou tout sa k' pa konn ekri E m chante l pou tout sòyèt ki paka fè lekti Tout fanmi tout zanmi tout nanm tout kè Tout sa k antre nan prizon san pase devan Parquet Tout moun ki pa volonte ou pa aksidan fèt nan ‘on lòt peyi kote y'ap trete yo kou peng ti dan Tout moun ki pèdi fyète yo depi lontan Tout manman ak ti bebe kape dòmi nan rak pikan Tout pwòf ki paka posede yon bon soulye Tout pòv ki wè manje men k' pa konn ki gou l ye Menm jan ak nou mwen wè anpil lajan sal Men avèk yon bwa gita mwen pito chita nan yon sal M ap itilize mikwo pou vwa Depi 14 an li banmwen yon kantite pouvwa Pou m pale pou nan non sila yo ki pa gen vwa M pa atis pa plezi, m s'on atis pa devwa Zanmi gade m nan je, e W ap wè gwosè fyète m Depi 14 an m pa janm kite moun mache sou pye m 10 goud ou posede pap fè m fè jiwèt BIC Tizon Dife paka nan grennen jibrèt Menm lè m pa dòmi sou zòrye m toujou reve Ke yon lè na bouke vann Ayiti pou je kreve Nou mal manje, nou mal dòmi Gen nan nou k' achive Ke w te tèt kale bobis oubyen w te chaje cheve Lè n ale nan kontribisyon pou nou peye leta Nou pase mizè paske sèvis la en “mauvais état” Nou fè pati de yon sèl bato k ap koule Nan gaspiyaj ak lajan k ap boule Kounya mwen pral mete kouto nan plè a W ap tann refren? M poko fini ak kouplè a Pouki pastè paka pase men nan kou pè a? Nan yo 2 a, di m kiyès pou m pè a? Pou m jwenn verite nan ki bouch pou m pase bè a? Nan ki asanble ki gen lanmou san rabè a? Se “la religion” ki pou bay egzanp la pè a Pou nou sove tè a M fèk kare kalonnen M fèk kare talonnen M fèk kare met nan men granmanjè jouk yo balonnen M fèk kare wete wete, mete mete, pete Pete plon nan tèt chwal ki pran Ayiti pou galonnen M fenk kare nan tenpan yo, mete volim M fenk kare nan konsyans yo, mete kout plim M fenk kare pa neglije korije kaye yo BIC Tizon Dife! Hey! A letranje yo pran nou pou lepandyè Pran liy anbasad pou n'al lave chodyè Gen nèg isi kape mache fè pedan Men depi yo laba yo pa plis ke yo pwa dan Pou kantite enèji k ap travèse nou Annou itilize yo kont advèsè nou M reyalize si gen moun ke yo pa pè se nou Genlè yo krache nan pise nou M fèk kare kalonnen M fèk kare talonnen M fèk kare met nan men granmanjè jouk yo balonnen M fèk kare wete wete, mete mete, pete Pete plon nan tèt chwal ki pran Ayiti pou galonnen M fenk kare di w menm si ou milyadè Menm si w kòmande lemond antye alawonbadè Menm si se ou k' ta gen kle syèl la nan men w Si w pa gen lanmou pran men w La la la la, la la la la la la la la... Si mwen pa gen lanmou mwen pa anyen Posede bèf Posede kabrit Posede avyon Posede zam Posede sand Posede zetwal La la la la la la la la la... Si mwen pa gen lanmou mwen pa anyen Gade se di m vin di w Si mwen pa gen lanmou mwen pa anyen

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved