Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Li toupre pou li rive

Artist: JW Kreyòl
src: ht
Back

Letra

src: ht
Ou tande zwazo k ap chante, W ap gade nyaj yo k prale. Nan yon bèl jaden w ap mache, Syèl la bèl e solèy la klere. Ou kontan wè zanmi w yo, Ou pa ka kwè sa w wè yo. Wi paradi sou tè a Te toupre pou li rive. Gen yon bèl ti kay nan plèn nan, Gen yon lòt sou tèt mòn nan. Bò rivyè a moun ap chante, Moulen ap vire, dlo ap koule. Jaden yo gen bèl ekla. Yo pare pou rekòt la. Te g'on lè bèl monn sila' Te toupre pou li rive. Ala sa bèl, zanmi fidèl, K ap pataje bon ti moman. Tout dlo nan je vrèman seche, Monn nan tounèf, lavi a bèl. Tout moun ap viv ak kè kontan, Tout ti flè yo santi bon. Youn ap bay lòt bon afeksyon, Pandan n ap viv nan lapèfeksyon. E n ap di Jewova mèsi Pou lanmou l ak tandrès li. Wi, benediksyon sa yo Te toupre pou yo rive. Epi chak jou nan kè m m ap di: "Mwen kontan wè ou k ap souri!" Paske yon lè, vlope w nan bran m Te sèlman ka fèt nan rèv pa m. M ap tann avèk lafwa Paradi k pral sou tè a. Sa se pawòl Jewova di. E mwen konnen li pap bay manti. E mwen pap janm dekouraje Lè m sonje sa k pral rive. Se jou sa' mwen ret ap rann, Se sèten li toupre rive.

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved