Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Mèsi ti cheri doudou ft. BIC

src: ht
Back

Letra

src: ht
(Featuring BIC) Mèsi ti cheri doudou Ou kenbe men m, mwen kenbe kò m jodi a m ka ekri lanmou Mèsi ti cheri doudou Depi m kontre w m pa janm pou kò m jodi a m s'on fanm ki damou Mèsi ti cheri doudou Paran w dakò, paran m dakò. Maryaj mete nou nan lari Mèsi ti cheri doudou Devwa m opwòp: sa vle di m ap rete avèk ou pou lavi Mèsi ti cheri doudou (BIC) G'on fason ou mete m byen chita sou kè w an kalifouchon Mèsi ti cheri doudou Ou s'on modèl nan yon monn kote lanmou kale pichon Mèsi ti cheri doudou Ou tèlman byen pote m sou do w m pa ka di m pile pwason Mèsi ti cheri doudou Mwen avè nou simen lanmou kounya n ap tann lamwason Mèsi ti cheri doudou Mèsi ti cheri doudou (Rutshelle) Lè m te piti m t ap chèche lanmou ki nan liv Harlequin Mèsi ti cheri doudou M te panse ke moun Nouyòk te konn renmen ke moun Aken Mèsi ti cheri doudou Kounya m vin konprann ke "De mèg pa fri" se pawòl mesken Gen milyon dola ki gen mwens valè ke yon adoken! (BIC) Gen lanmou anba tant ki pi wo ke lanmou gratsyèl Gen lanmou pwa 50 ki pi lejè ke 50 sak sèl Gen lanmou ki gen gwo gòj men k ap mouri mò toufe Gen vòlkan ki ka glase devan yon senp ti zon dife Gen lanmou salon, gen lanmou chanm, Lanmou chanmchanm Gen lanmou chik, gen lanmou chòk Lanmou chikchòk Gen lanmou trip, gen lanmou fòk Gen lanmou solid, gen lanmou pòk Men lanmou ke ou fè m viv la Se lanmou gwo liv la Mèsi pou jaden kè m ou wouze Mesi paske m pa gen kè brize Lanmou fè m dekole kou yon fize Mèsi, mèsi, mèsi Tizon dife Mèsi ti cheri doudou Rutshelle an fe Yeah, yeah Mèsi ti cheri doudou Tizon dife Records

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved