Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Bezwen zo

Artist: K-Lib
Album: K-Libr
src: ht
Back

Pawòl

src: ht
(Atis envite: Ouragan) [Intro] Kolabo Records Knockout Baby On peyi tout moun so fè zo kounya men Zo – pinga w di l de fwa non papa Non monchè [Hook] Tout moun bezwen zo Pou fouye tou – bezwen zo Chen k grangou – bezwen zo Menm moun fou – bezwen zo Simityè – bezwen zo Atoufè – bezwen zo Pou depanse – bezwen zo Pou nou panse – bezwen zo Tout kouch – bezwen zo Menm mouch – bezwen zo Politisyen – bezwen zo Gwo ou ti chyen – bezwen zo Raketè – bezwen zo Brasè – bezwen zo Menm pastè – bezwen zo Malfektè – bezwen zo [K-Libr] Ou pap gen bèl sezon si w pa antre n’on rezo Moun finn pèdi rezon pou selilè k pèdi rezo Fanm ak gason pa kole ansanm ankò Si zo pa nan mitan, Lanmou ap pran move kout sizo Fè moun bliye moun, fè n bliye si n se youn Fè moun imilye moun Fè dèmilye de moun tounen Mafioso, pèdi valè yo vin pa saj Kraze zo yon valè lòt pou ka jwenn pasaj Rapè k’ap plenyen k pa jwenn zo paske yo pap blood E blood, isit se tèt pete k’ap bay lòd Oh Lord, nan wayòm sousou arivis se God Kokorat san kòd, se zosman ak dechè k alamòd Wi m’finn tounen ‘on blòk zo paske m’fè tan m nan liv Anvan m’chache fè zo, nan tèt mwen m’fè lesiv S’on kriz moralite k’ap manje nou jouk nan zo Yo pap kite w tande m ni gade m si pòch nou tout san zo [Hook] [Ouragan] Gen nèg ki pa pè fè kidnape tèt pa l sou fanmi l pou l fè zo Gen ratyèfè pran 4 zo diferan pa zo pou l fè zo Pran pòz pa fè w, manti non frè m, yo menm k’ap fè pi mal pou zo Pou gwo zo, nan lèta gen pòs k’ap vann pou nèg fè zo M’wè twòp blood sal k’ap chache zo Lè yo wè m pa di m sa k’ap fèt blòd Twòp bèl fanm ki pran tout zo k pou zo Nan kò m pa genyen blood Yo sou bag la mete zo, fò w aranje w, wè devan je w Gad devan je w nèg pap pè b’al gwo zo, l’pap care sa deranje w M’wè gen fanm ki pa pran zo ankò men k pouse zo bay lòt Gen nèg ki se tizè gou zo ki prè pou souse zo pa lòt Paske moralite ak diyite absan depi se devan zo Yo fèl vin pran on kanè, gad zo pap pran feeling nan devan zo An n f’on ti pale black, n’ap f’on ti tripotay Ah monchè, m’di w m’serye, kounya non m’pap fè blag M’konn yon nèg depi l pran wout travay pou l al chache zo Madanm li gentan kay vwazen tankou chyen fou l’al chache zo [Hook] [K-libr & Ouragan] Plis k’on milyon moun leve maten nan pòch yo pa gen zo But chak weekend yon pakèt lòt al boule milyon nan jwe zo Moun ki pase plis tan nan chache l’pa janm fè vye zo Poutan gen plis ki t’ap la toujou si yo te jwenn yon vye zo Imajine w konbyen bèl fanm nan bèl djòb k’ap brase bèl zo Poutan g’on bann ki pa ka souse on zo paske yo pa vle pran zo Lè w’ap bay zo san mete zo, non w se “gwo soulye, mawozo” Konsa tou si w vle met zo avan w bay zo ou se mawozo Gen sa k pase 20 an nan chache zo k pa janm met soulye nèf Men se nòmal, yo pa ret nan lojik fè 0 tounen 9 Kolera bay dyare k seche w fè w tounen lamègzo Poutan gen moun se gras a li si jodi a yo ka fè zo Chak pwent kò nou tout se zo Lè n mouri nou se zo Ou gen kòb tou li se zo Ou byen kanpe ou se zo Ou enbesil tou w se zo Yo di m lè w real tou ou se zo Ou s’on ti batkò tou w se zo Ou s’on kokorat tou ou se zo [Outro] Yo ‘Gan, yo di pou n fè zo nan rap kounya fò n fè rap ti kawòl Pandan nan rap nou kase le zo dog tèlman n di pawòl Nou bwè Enbesilsilin Non monchè nou bwè Medyokriline Kokoratsetamòl…hahaha

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved