Yeah
Vètè a laparèy.
Yeah,
M pa t vle adrese w MC, paske w mande pou met frè devan non w.
Di Bondye fè w gras pou sèvi l, w ap asire mwayen.
Chak fwa m tande tout je de mo w s'on respè k devan dan w.
M analize track ou, m pa we kòman w pral atire payen.
Levanjil s'on bagay sakre, M di Bondye m beni non l.
Li k bay lavi ak lasante san touche 'on peni, man!
Èske w fe mizik pou fe hit, oubyen pou Jezi san.
Frè Gab, beat yo monden, mizik w ap fè yo pap ka geri nanm.
Si 'e strateji pou w fè kòb, m ta vle w vin pi onèt.
Yo di HMI bòykote w, so w ta dwe milyonè.
Èske lè w chante pou God la, ou s'on atis ki korèk?
Vibe ou san diferans avèk mond lan, 'e kò m si l pi korèk.
M pa vin kritike w, byen okontrè m wè devouman w.
Pou pozisyon w m di tout bon g'on w lespri k vin gide w.
Pa g'anpil jèn ki aksepte pou pran wout Kris la.
M wè w nan street ap preche, te fè m santi ke Bondye vizite w.
M ap gad' komantè moun k ap di jodi a w pliye ran w.
Lan fason w chwazi ri ènmi an pwouve w bliye non w.
Mizik sa yo pa pou kretyen; se pandye, chire janm...
Madanm ou anvi twerk, men pou wont je l oblije vire won.
Frè Gab, m pa vle awogans pote w ale.
Menm mwen k ap egzòte w la devan pòt kay mwen poko bale.
Men m s'on eli, yon vrè kwayan ou pap wè devan bann.
Jou m konvèti, m pap mande n pou n met frè devan non m.
Paske lavi s'on temwayaj, yon liv ouvè.
Gabe, lesentespri dwe abite nan kè ou lè n gade.
Kilè w ap aksepte Bilolo s'on oungan?
Se ou ki dwe sipòte l, pa koute inyorans ou lè l babye.
M vle w sonje pa g'on Bondye an twa pèsòn.
M vle w sonje frè Gab, batèm nan dwe fèt nan non Jezi Kris.
Èske w konnen Adan e Èv pa t manje pòm?
Frè Gab, èske konnen papa, pitit, espri s'on edifis?
Letènel disène m, fò m preche pou met lòd.
Èske si m lwen legliz ap mete m pi pre God?
Bay Bondye chans pou l transfòme enspirason w, frè m.
Mizik ka sove nanm lè w nan moman pou lespri kite kò w.
Vodou se gerizon, men se Gran Mèt la k bay pasaj.
Lè w entepele, kontrekare fòs an derizyon.
Avèk sòm yo w ka fè resèt lan 'on rityèl pi mistè.
Kounya, Gabe, si Kris anndan w, sa pou w fè linivè?
N'aimez point le monde, ni les choses qui sont dans le monde.
Enpirasyon m diven.
Sa 'e pou YeahH.M.I. evanjelik la.
M. I. S.
Hey yo, Montonn!
Amen.
Tradiksyon