Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Fasil / Difisil

Back

Pawòl

src: ht
(Fasil / Difisil - 2016 Avék atis envite - Princess Eud) 1 (Princess Eud) Pou al lekòl an Ayiti, li difisil Pou jwenn travay an Ayiti, li difisil Pou vin yon moun an Ayiti, li difisil Triye yon grenn nan mitan mil, li difisil Pi fasil pou planèt la rantre nan on je zegwi Ke Ayiti yon jou l ta sispann kenbe yon kwi Pi fasil pou pitit Grasye mouri nan bouk la Pi fasil pou konpa ret ajenou devan zouk la Pou rete yon moun konsekan, li difisil Pou viv san mache sou pikan, li difisil On nèg lari ki pa frekan, li difisil Pou viv san kontwòl Vatican, li difisil Pi fasil pou syèl la touche tè a, Tan pou nou ta jwenn yon alemye pou chak pitit tè a Pi fasil pou nou dòmi nan fatra Ak lamizè li pi fasil pou nou jwenn yon kontra Pou vwayaje pou pa tounen, li difisil Ret la san w pa gen kè tounen, li difisil Malgre w pa kwè men w ap goumen, li difisil Ayisyen k pap bwè dlo nan nen, li difisil Li pi fasil pou yo achte chak branch trip nou Entènsayonal la pran plezi nan desann slip nou Li pi fasil pou yo leve ti dife volan Pou yo ba nou machin, men se you ki sou volan Li pi fasil pou yo mande n match amikal Paske n ap jwe pye atè e y ap met kranpon vise Li pi fasil pou yo mete n nan eskandal Paske respè figi nou, yo pran nou pou santi pise Li pi fasil pou n ap goumen youn kont lòt Paske je nou pa ouvè pou nou wè gen men ki kache Li pi fasil sou tèt nou pou n voye plòt Alòske dèyè fwontyè a se la nou te dwe krache 2 Li pi fasil pou yo dekòde sa nou kòde Depòte sa nou pote, dejante sa nou chante Li pi fasil diminye sa n reprezante Yo pa ba nou batistè, nou pa ka espere sante Li pi fasil pou yo kenbe nou nan tolalito Jèn tifi yo nan kale kò pou sa k ap bwè kòb Kaliko Li pi fasil pou kenbe peyi a nan chomeko Jèn gason fimen bòz pi mal ke moun ki leve Jamaica Ou pa tounen yon twal mouye isit, li difisil Ou jwenn on sit ki pa poubèl isit, li difisil Fanm nan biwo yo pa mande goute, li difisil On politisyen ki pa dewoute, li difisil On polisye k toujou san patipri, li difisil On pwodwi nan mache ak on ti pri, li difisil On madan chèf ki pa derespektan, li difisil Nèg nan pouvwa k pa vwayaje kèk tan, li difisil Pi fasil pou yo mande n match amikal Paske n ap jwe pye atè e y ap met kranpon vise Li fasil pou yo mete n nan eskandal Paske respè figi nou, yo pran nou pou santi pise Li pi fasil pou n ap goumen youn kont lòt Paske je nou pa ouvè pou nou wè gen men ki kache Li pi fasil sou tèt nou n ap voye plòt Alòske dèyè fwontyè a se la nou ta dwe ap krache [Fen] Wo o o Li difisil

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved