Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Pawòl

src: ht
(1+1=1, 2008) BIC BIC still dizon dife Nade Pawòl chante pawòl konprann Lanmou se zafè bon konprann Smile, brother, sou beat sa w fè m konprann ke nan lanmou nou pap janm fin aprann Nan matematik lanmou Un et un egal un (1+1=1) [BIC] Ou se piman lè map kraze gwòg mwen Antivirus ki ka trete bòg mwen Dlo kokoye glase nan tenbal mwen Bagèt ki kalonnen fèy senbal mwen Ou se bon kiyè bwa ki pou bwase m Ou se paydefè k pou dekrase m Ou se kout tonnè m, ou se kout zèklè m Ou se loray boule m, ou se tonnè kraze m [Nade] Ou se mitan teren kap jwe nan jwèt mwen Atakan ki nan senk mèt senkant mwen Ou se pòy sigarèt dèyè zorèy mwen Ou se yon kout kòd anba ti vant mwen Ou se katèpila k demantibile m E se avè'w mwen vle fè jibile m Ou se mannivèl k ap mennen lavi m M kontan, de ran dlo, de ran larim Woy woy woy woy Mwen menm avèw sa fè youn Woy woy woy woy M pa konn konte men m kapab konte sou ou ti doudou M pa konn konte men m kapab konte sou ou ti doudou Ou se kle rete m, ou se gazèl mwen Ou se sèl chalè k ka boule zèl mwen Ou se kwa manman m, kwa papa m m pa sa pile Nenpòt jan w mache, se dèt k ap anpile Ou se Mari Jann mwen Ou se nonm mwen Daminjann mwen Ou se tè jenjanm mwen Ou mete fren nan vi bing bang mwen Tanbou k ranmase kata nan bann mwen Ou se piman zwezo ki tranpe nan pikliz mwen Ou se klòch ki karyonenn anndan legliz mwen Ou se papi m, ou se trankilite kabès mwen Ou se lavi m, ou se nimewo adrès mwen Ou se pa m, pa m, pa m, pa m, pa m Ou se bòy ki nan pwa m Ou se kle kontwò, kle gòl mwen Ou fè m chante tankou rosiyòl Kle de sol mwen T'es ma guitare, mon micro Ma feuille, mon stylo Mon ciel, mon ile Ma terre, ma ville Ma reine, mon bouclier Ma tigresse, mon sanglier Ma rose, ma dose, ma prose, ma pause Ou se zo dekabès mwen, lanmou k pete kannkès mwen Girl ou se minimum mwen bezwen pou m ka fè pakèt mwen Sitwonèl ak bazilik ki anpeche m vomi Lè lavi a pote anba nenm tout sa ki santi di Smile ale di yo Un et un egal un (1+1=1) Banzai (Ekri pa Roosevelt Saillant)

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved