Paroles
src: ht
(Featuring Leila Chicot)
(Top Adlerman)
Yon eksperyans ke mwen te fè
Apre 2, 3 jou mwen pa wè ou
Lè sa lavi a te anmè
Pa t ka pase 'on moman san ou
Pa t ka kanpe, pa t ka mache
Ti doudou lè mwen pa wè ou
Lè sa mwen vin reyalize
Mon amour jan m renmen w
(Refren)
Malgre tout sa k pase
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa k rive e eh
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa w tande e eh
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa k pale
- Mwen renmen ou
Hey! Depi lè m te wè w premye fwa
Mwen te santi nan vi m fò ou la
E ou ka gade jodi a
Se menm amou an ki toujou la
Gen moun ki pa t vle ou kwè nan sa
Pou m pa fredone Laile, Leila
Men depi mwen gade nan zye w
Mwen ka wè:
Ou gen tout sa m bezwen
Santiman, afeksyon, devouman.
Tout sa m renmen:
Kalite, bonte, gete.
Fanm, fanm, fanm sa
Sot' nan tèt al nan pye, baby
You drive me crazy
Malgre, malgre, malgre
Malgre tout dlo nan zye
- Mwen renmen ou.
Malgre tout kè blese
- Mwen renmen'w
Malgre tout jan vi a ye
- Mwen renmen w
Malgre jan w refize m
- Mwen renmen ou
Tada tada tada
Lè m touche men w
Mwen santi m byen
Kote m pale limyè briye
Zorèy tande kè m bat pi byen
Mwen di w doudou ave w mwen double
Ou se solèy, ou se lalin.
Ou se maten, aprè midi m.
Ou se souf mwen, ou se vi mwen.
Lè mwen pa wè w mwen pa viv byen
Lè w ap gade m w ap wè se mwen
Men gad andanm w ap wè se ou
Ou se prezan, ou se fiti m
Ou se desten, ou se aveni m.
Oh baby
(Refren)
Malgre tout sa k pase
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa k rive e eh
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa w tande e eh
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa k pale
- Mwen renmen ou
(Top Adlerman)
Mete 14 jou nan yon semèn
Ou met double 30 jou nan yon mwa
730 jou nan yon ane
Lanmou ke m gen pou ou
Ap toujou kole nèt ale
Ou dous, e mwen menm tou
Lè n ap fè lanmou nou monte wotè 'on grandou
Mwen se nèg pa w, ou se fanm pa m
Mari pa w, madanm pa m
Lanmou pa w, lanmou pa m pa gen dram
Se vre se yon reyalite.
Men lè nou fache nou toujou rekonsilye
Love you, je t'aime. cheri, Ich liebe dich,
Malgre tout sa k pase, te quiero in Spanish
(Refren)
Malgre tout sa k pase
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa k rive e eh
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa w tande e eh
- Mwen renmen ou
Malgre tout sa k pale
- Mwen renmen ou